Ad'A est une organisation communautaire à but non lucratif fondée le 09 août 2014 situé dans la commune de l’Anse-a-Foleur dans le departement du Nord-Ouest d’Haïti. Notre but est de réunir la jeunesse intellectuelle et professionnelle de ladite commune dans un seul objectif qui est de travailler pour developper notre communauté sur le plan socioculturel, éducatif et environnemental.
Notre mission est de travailler sur des projets communautaires à caractère socioculturels, éducatifs et environnementals.
Notre vision est de voir tous les jeunes de notre communauté s'engagent et s'impliquent dans le developpement de la communauté.
Chez Ad'A nous valorisons le leadership communautaire, l'engagement de la jeunesse et le developpement durable.
Grande campagne de sensibilisation COVID-19 du 6 au 24 avril 2020 dans la ville de l'Anse-a-Foleur anisi que ces 3 sections communales dont Bas-de-Sainte Anne, Côte de fer et Méeance.
Jounen lendi 13 avril la, nan kad Kanpay Sansiblizasyon COVID-19 nou t ap òganize nan komin Ansafolè a, Anse à Foleur d’Abord te mobilize pou yo te pote mesaj la bay tout moun Ansafolè alawonnbadè, nou te pwofite okazyon sa pou nou te fè moun yo konnen ki mòd konpòtman yo dwe adopte fas a nouvo KOWONAVIRIS la, nou te fè yo konnen kòman yo ka trape maladi a ak kòman yo ka pwoteje lavi yo ak lavi fanmiy yo, nou te pwofite fè kèk similasyon tou pou nou montre yo kòman pou yo lave men yo. Popilasyon an te kontan resevwa ajan sansiblizatè nou yo e yo te felisite travay la. Nou remèsye popilasyon an pou kokennchenn akèy sa yo te ba nou. Demen k ap 14 avri la n ap nan dezyèm seksyon (Meyans) kote n ap kontinye ak travay la san kanpe konsa n ap rive fè mesaj la rive nan zòrèy chak grenn moun nan komikote ansafolwaz la.
Jounen mèkredi ki te 15 avril la, toujou nan kad Kanpay Sansiblizasyon COVID-19 la, nou te kontinye travay nan dezyèm seksyon kote nou te sansiblize zòn Badsentàn nan soti Gran chemen, pase Kalife, monte nan Banbou, Grasèt, nan Site, monte Makorèl. Moun Badsentàn te kontan resevwa nou e yo te dakò pou yo kolabore pandan y ap mete tout prensip yo an aplikasyon. Problèm internet te fè nou pat ka pataje bèl jounen sa avèk nou pandan menm jou a men se te yon bèl jounen travay anba solèy, anpil fatig men avèk motivasyon chak moun nan ekip la nou te rive fini ak dezyèm seksyon.
Yè jedi ki te 16 avril la Ad’A bat yon gwo rekò nan twazyèm seksyon kote nou tap fè plan pou nou konnenn si n ap ka fè tout twazyèm seksyon an nan yon sèl jou, ebyen nou te fè yon gwo sakrifis anba gwo solèy nou sansiblize tout twazyèm seksyon an nèt, soti Pwendèzika, monte nan koukout, pase Gran platon. Lè n soti Gran Platon nou monte dwat nan Terasman kote nou te travay sou tout wout la nan Kannmye, Nan Janti, Nan Lèt, Twa Kafou, Nan Lewo. Lè n te rive nan Nan Lèn nou te divize an 2 ekip, yon ekip te rete pou travay Nan Lèn ak tout zòn ki antoure l yo epi lòt ekip la te desann Dipwat, Nan Paviyon, Nan Chapel, Nan Fon, Larivyè Lanfè, Vye kap Nan Baryè. Nou te fatige anpil men nou pat dekouraje paske sa n ap fè a se ak tout kè nou n ap fèl e Ansafolè merite plis toujou paske si nou sa nou ye jodi a Ansafolè kontribye anpil nan nou. Moun Kotfè te kontan resevwa nou e yo te kolabore ak ajan sansiblizatè nou yo, yo te dakò pou yo te aplike prensip yo pou evite maladi a pwopaje nan twazyèm seksyon. Aprè gwo kokennchenn jounen travay sa nou te tounen Ansafolè e nou te rantre lakay nou a 7è nan aswè.
Jodi vandredi 17 avril la nou ta dwe monte nan premye seksyon (Diti) men akoz fatig nou oblije fè yon ti poz kote nap pran jodi a ak demen pou nou repoze epi lendi k ap 20 avril la n ap kontinye kanpay la ak premye Seksyon. Pou rezon sa demen samdi a n ap gen yon gran reyinyon ak tout manm Ad’A yo ak tout ajan sansiblizatè nou yo pou nou ka planifye pou lendi k ap 20 avril la.
Jounen lendi 20 avril la Ad’A te pran direksyon premye Seksyon (Badsentàn) toujou nan kad Kanpay Sansiblizasyon COVID-19 la, nan lide pou nou kontinye sansiblize moun ki pi elwanye yo kote medya ak teknoloji pa rive. Nou te pwofite jounen sa pou nou te montre moun yo ki mòd konpòtman yo dwe adopte fas a nouvo KOWONAVIRIS la, popilasyon an te byen akeyi ajan sansiblizatè Ad’A yo epi yo pat neglije felisite inisyativ la konsa yo te dakò pou kolabore ak nou pandan yo pare pou yo aplike tout ti prensip ak konsèy nou te ba yo konsa yap kapab proteje lavi yo ak lavi fanmiy yo.
#Kanpay_Sansiblizasyon_COVID_19
#Mèsi_Moun_Premye_Seksyon_Diti
Quelques activités pendant la période estivale
Dans l’idée pour promouvoir le Football feminin dans le département du Nord-Ouest, Anse-a-Foleur d’Abord (Ad’A) en collaboration avec l’Association Sportive Feminine (ASF) de Port-de-Paix vous invitent dans un match amical qui opposera la sélection féminine de l’Anse-a-Foleur et celle de Port-de-Paix à l’occasion de la fête Sainte Anne au Parc Marmontel Guillaume de l’Anse-a-Foleur à compter de 3h PM. On vous attend en foule!!!
Conférence-débat à l’occasion du 137em anniversaire de la commune de l’Anse-à-Foleur
À l'occasion de la fête Sainte-Anne,
Anse-à-Foleur D'Abord (Ad’A) vous présente une Conférence-débat.
Autour du thème: " L’intensification de la migration des jeunes haïtiens vers les autres pays, un phénomène manipulé par des forces externes et internes".
Cette Conférence se fera en plein air sur la place Saint Anne de l’Anse-a-Foleur.
Venez en foule!!!
C’était aussi une journée de réflexion d’où la jeunesse faisait le point sur différents problématiques du développement communautaire
Moun Anse à Foleur, #Kolera tounen ankò.
Men kèk pratik k ap ede nou kwape maladi sila:
• Lave men w ak dlo pwòp ak savon.
• Sèvi ak dlo trete ak tablèt Aquatab.
• Lave fwi ak legim ak dlo trete.
• Kwit tout sa w manje byen.
• Jete poupou ak vomisman nan latrin nan.
Envoyez nous un email à anseafoleurdabord@gmail.com pour tous vos questions.
Anse à Foleur d'Abord Ad'A pocède aujourd’hui avec le programme du projet de Formation Professionnelle pour les Jeunes Ansafolois (FPJA) ce samedi 17 février 2024. Revivons en images.